Eskandal nan MJSAC : ULCC mete aksan sou yon detounman 10 milyon goud
Inite Lit kont Kòripsyon (ULCC) mete deyò yon rapò ankèt ki soulve gwo iregilarite nan jesyon 10 milyon goud ki te dekese pou òganize aktivite komemoratif batay Vètyè, 18 novanm 2024 la. Daprè ULCC, lajan sa a, ki soti nan Trezò Piblik sou otorizasyon ansyen minis Finans Marie D.A. Ketleen Florestal, te al sou kont pèsonèl Ludner Vogel Desforges, kontab prensipal MJSAC, olye yo ta pase atravè kont ofisyèl leta. Dokiman yo montre se minis Niola Lyn Sarah Dévalis Octavius […]